Par Gerald Sidney
W ne lan batay
W toujou lan batay
Ble e rouj pou nwa e rouj
Nwa e rouj pou ble e rouj
De kilakyèl koulè kap change
Anfen, se byen domaj
Lè van ap soufle
Bèl pase w nan pwen
Ke w ble e rouj
Ke w nwa e rouj
W se senbòl libète
Oh flote drapo flote!
Nou tout pa wè la vi men m jan
An nou kontre yon ak lòt
Lan mitan chemen
Ak tolerans pètèt
De moso twal sa yo
Va flote et na moute piwo
Oh flote drapo flote!