Discussion: MANMAN


Par kyès
Yon zanmi – yon asòs
Yon poto mitan
Yon fanm
Yon nanman.

 

Tout moun nan kay la panike
Lè yo pa wè sa yo pral manje
Sa k’ap plenyen – sa k’ap babye
Bouch pa bat vant ap kòde
Pa gen vwa pou chante dilire
Ala mizè pou malere.

 

Depi w tande bwa mare
Sou li tout moun konte
Lè yo tout pedi lespwa
Aprè key o te travèse limit lafwa
Manman souri pou’l di ankò yon fwa
Gen yon ti jeretyen pou yon sòspwa.

 

Ke’l chita ou kanpe
Devan fouye dife li fè kontabilite
Tout mou ap sonje jodi
Li sèl kap panse lavni
Si yon jou yo ba’l laparòl
An verite li ka fè lekòl
Lè lapenn envayi tout yon zòn
Paske lavi ap frape kou siklòn
Manman djanm tankou madòn
Kanpe pou bay tout moun seròm.

 

Pou nou pou you pou li
Li pa janm sispann soufri
E seli ki bay lavi
Toutan se li
Li kouche an dènye
Li leve an premye
Wi toutan se li
Pa sispan n onore’ l
Bali respè ke’l merite
Renmen’l –renmen’l-renmen’l
Toutan gen tan
Epi se limenm ki bay tan
Wi, limenm menm ki bay tan.

 

Yon zanmi – yon asòs
Yon poto mitan
Yon manman
Manman
Manman
Manman (soupi)
Mèsi anpil manman.

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s